Misyon tabli lapè nan kontèks Ayiti a pa misyon gang yo, se misyon Leta. Si sa pa kanpe, se pa gang yo ki responsab krim yo, se Leta ki touye moun gang yo touye yo.
Lè 9 konseye-prezidan yo te fenk pran pouvwa a, yo lage yon nòt ki nan men tout jou alis jouk jounen jodi. Nòt la te pale de repatisyon tach yo nan jan yo pral travay ak lòt ministè nan lide pou te reponn ak egzijans moman an. Si n sonje byen Fris Belizè te gen pou l te travay nan ekonomi pou li gide ministè ki travay nan domèn sa a. Emanyèl Vètilè te di l ap travay nan koze sekirite ak reskonsab yo. Jis jounen jodi, se pa sa n ap asiste.
Tout 9 konseye yo pito pran pòz bliye pèp la nan kriz la ki ka rezoud byen pwòp, si genyen volonte.
Kriz sekiritè rezoud de fason: Gwo fòs zam Leta a pou l krabinen opozan oubyen rebèl li oswa antant/dyalòg pou nou rekòmanse kote tout moun antann yo pou yo fòse satisfè menm si yo pa fin dakò nèt.
Konsèy prezidansyèl la dwe degaje l kou mèt Janjak, men nan men ak nouvo gouvènman y ap moute la a, pou yo rezoud kriz Ayiti ap viv la ki gen plizyè tèt. Kriz sekiritè, imanitè, sosyal, ekonomik, kiltirèl, agrikiltirèl, edikasyonèl, elatriye. Men, tout dènye kriz m site yo se rezilta, menm si se an pati, de ensekirite a.
Gouvènman an ap travay anndan Leta a, ki gen pou misyon pwoteje teritwa, moun ak tout byen ki anndan espas teritoryal la. Majorite moun k ap sibi anba kout bal gang yo se pa moun ki ni anndan pouvwa a, ni yo pa gen moun to anndan pouvwa a. Konseye-prezidan yo chaje sekirite. Primati rèd ak gwo zam k ap sekirize li. Se pèp la konlage ak po mouda l deyò a, k ap ranmase bal, k ap soufri ak grenn bal anndan yo, kote pa gen ni medsen ni lopital ase pou bay swen.
Se pou gouvènman an degage l pou li:
1) jwenn yon fason pou negosye KÒMSADWA ak gang yo, si Leta pa gen mwayen politik pou netralize yo. Paske epizòd pèdi kay, pèdi vi, pèdi byen, pèdi jaden, pèdi travay la dire twòp, e otorite yo pa janm pèdi pouvwa yo yo menm.
2) apre li fin jwenn antant lan, si se antant li ta rive jwenn, relanse ekonomi an a tout yon pwogram rekonstriksyon ak devlopman ki etann li sou 50 ane, pou refè peyi a, ak yon dyalòg nasyonal ki fèt pa ak moun ki pa antann al sistèm an plas la ki se yon sistèm ki kreye denmon, fristre. Dyalòg nasyonal oubyen konferans pa fèt ak pil kòkòday ki deja antann yo, li fèt ak moun ki rejte yo, ak moun yo di ki santi fò yo. Se sa ki vrè dyalòg.
Dyalòg gen yon enpòtans san parèy nan rezoud konfli ame, paske li ofri yon chimen pou evite plis san koule e kreye yon antant dirab. Nan listwa, plizyè peyi te oblije negosye ak rebèl ame pou retabli lapè. Nan Kolonbi, leta te negosye ak FARC, yon gwoup ki te fè plis pase 200,000 mò. Nan Sierra Leone, gouvènman an te fè akò ak RUF, yon gwoup rebèl ki te gen gwo pouvwa nan konfli ki te touye prèske 50,000 moun. Nan Nòvèj, gouvènman an te negosye avèk LRA (Lord’s Resistance Army) pou mete fen nan yon konfli ki te dire plis pase 20 ane. Nan Iland di Nò, gouvènman Britanik la te jwenn yon antant ak IRA apre dè milye de moun te pèdi lavi yo.
Teyori negosiyasyon nan konfli ame gen ladan: Teyori Ripeness de I. William Zartman, ki di ke yon konfli vin “mi” pou negosiyasyon lè ni gouvènman an ni rebèl yo pa wè lòt sòti. Teyori Interactive Problem Solving de Herbert Kelman pwopoze yon dyalòg enfòmèl pou rive nan yon konpreyansyon mityèl. Teyori Principled Negotiation de Roger Fisher ak William Ury mete aksan sou rechèch solisyon ki benefisye tou de pati yo.
Men sa yo di nan kesyon dyalòg oubyen antant:
- “Dyalòg se sèl wout ki mennen nan lapè.” – Nelson Mandela
- “Lè de pati nan konfli pale, se pa sèlman pou evite san koule, men tou pou refè yon nasyon.” – I. William Zartman
- “Lapè pa jis yon moman; se yon pwosesis san fen.” – John Paul Lederach
-Refè peyi a vle di: Refè oubyen ranfòse Lame, ranfòse Lapolis, refè oubyen restriktire lekòl ak inivèsite, refè enfrastrikti sanitè yo (tout chèn ki nan sante a ki brize), tou pote yon lòt fòm agrikilti mekanize nan tout peyi a, refè ak fè wout ak pon yo, rekonekte depatman yo.
3) vini ak yon sistèm prè ki pa la pou okenn dirijan Leta, men pou moun ki nan nesesite, nan raje lwen, nan katye pòv yo, pou moun yo travay ak tèt yo. M p ap pale de lajan y ap mete la pou prete senatè, depite, majistra ak aryègranmè yo. M ap pale de fon ki la pou prè, epi san okenn kritè estrik, depi Leta sèten l ap jwenn mekanis pou l rejwenn lajan an, pou li pa pèdi.
Ayiti pa dwe rete jan l ye a. Dwe genyen yon rekòmansman ki dwe fèt. Lè yon klou pa nan bouda w, ou rele peze, prije l.
Negosye ak bandi yo, si se vre nou pa gen mwayen netralize yo. Pale ak yo, antann ak yo. Leta ki pa negosye se Leta ki gen mwayen politik li. Pandan nou refize rezoud kriz la, moun ap pran plezi nan gade rigòl san k ap koule pasipala.
Si Leta pa rive ni netralize gwoup ak zam yo ni etabli yon gwo antant ak yo, responsablite tout zak ak krim yo tonbe sou otorite anndan Leta a otomatikman.
Nan absans mwayen pou elimine yo, Leta dwe priyorize amnisti, ansanm ak yon komisyon verite ak jistis, pou pèmèt lavi reprann an Ayiti. Plizyè Premye Minis tankou Jean-Henry Céant, Jean Michel Lapin, Joseph Jouthe, Ariel Henry, ak Garry Conille, ansanm ak Direktè Polis tankou Léon Charles, Godson Orélus, ak Frantz Elbé, Normil Rameau pa te reyisi kanpe tiyo san sa a, menm si bagay la pa t ko grav konsa sou tan plizyè nan yo. Sitiyasyon sa a mete lavi ak byen nan gwo risk, pandan lemond ap gade Ayiti ak yon je kritik. Y ap mande si se enbesil sèlman ki genyen kite sa a ki kòz yo pa ka rezoud kriz sa a ki la lontan, ki jis mi jounen jodi a.
Se syans politik, gouvènans ak lidèchip ki dwe gide Leta, se pa inyorans, sinon inyorans sa a ap mennen peyi a nan yon destriksyon total.
Antoine NERILUS, doktoran an syans politik ak relasyon entènasyonal, jounalis.
13 novanm 2024.